¶ Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'.
TSK
TSK · Mark 10:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Deuteronomy 24:1
TSK
Jeremiah 3:1
TSK
¶ Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Matthew 5:31
TSK
Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs.