TSK

TSK · Mark 12:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou!

Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.

Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li.

Jezi di yo: Ki jan yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?

John 7:42 TSK

Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.