TSK

TSK · Mark 13:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.

Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.

¶ Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo.

¶ Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.