TSK

TSK · Mark 14:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa.

Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.

N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.

¶ Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.

¶ Premye jou fèt pen san ledven yo, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: Ki bò ou ta vle nou pare manje Delivrans lan pou ou?

¶ Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.