Matthew 26:3
TSK
Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.
¶ Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat.
Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.
¶ Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm.