¶ Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
TSK
TSK · Mark 14:61
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.
Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen.
Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou?
Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen.
Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m' reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen.
Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye?
Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.
Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.