TSK

TSK · Mark 3:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.

John 6:64 TSK

Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l' la.)

John 12:4 TSK

Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa:

Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.