TSK

TSK · Mark 5:40

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.

Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!

Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.

Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.

Luke 8:53 TSK

Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri.

¶ Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lòt jou.