TSK

TSK · Mark 7:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.

-Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.

Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.