TSK

TSK · Mark 9:42

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.

Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.

Acts 9:4 TSK

Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

¶ M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.

pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.

Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal.

¶ Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a.