TSK

TSK · Matthew 1:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl,

Ezra 3:2 TSK

Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a.

¶ Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,

Moun yo rele Jekonya a, èske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pesonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pa t' janm konnen?

¶ Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.

Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo:

Luke 3:27 TSK

Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri.