TSK

TSK · Matthew 1:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.

Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki soti anvan. Fanmchay la di: -Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l' Perèz.

Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.

¶ Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon,

Nan fanmi Zerak la te gen Jeoujèl ki te chèf fanmi an. Sa te fè antou sisankatrevendis moun nan fanmi Jida a ki te rete lavil Jerizalèm.