TSK

TSK · Matthew 1:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.

¶ Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa,

¶ Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou.

¶ Lè Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan.