TSK

TSK · Matthew 10:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.

-Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.

Mark 6:10 TSK

Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.

Luke 10:7 TSK

Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.

Luke 19:7 TSK

Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche.

Acts 18:1 TSK

¶ Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent.