¶ Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
TSK
TSK · Matthew 10:27
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a.
Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl.
Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan.
¶ Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m' poze konsa.