TSK

TSK · Matthew 10:38

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen.

Mark 8:34 TSK

Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen.

Luke 9:23 TSK

Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.

Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).