TSK

TSK · Matthew 14:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Manyè di m' kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.

Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.

Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non.

Luke 20:6 TSK

Si nou reponn se lèzòm ki voye l', tout pèp la va touye nou ak kout wòch, paske yo tout te gen konviksyon Jan Batis te yon pwofèt.

Acts 5:26 TSK

¶ Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch.