TSK

TSK · Matthew 15:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.

Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.

¶ Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl.

Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a.

James 3:6 TSK

Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.