TSK

TSK · Matthew 15:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.

¶ Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.

Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.

Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.

Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.

Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?

Mark 7:21 TSK

Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;

Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.

Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.

¶ Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo.

¶ Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal.