TSK

TSK · Matthew 15:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò.

¶ Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'.

¶ Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la.

Mark 7:31 TSK

¶ Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan peyi Dis Vil yo; li tounen lòt bò lanmè Galile a.

John 6:1 TSK

¶ Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou.

John 21:1 TSK

¶ Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: