Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
TSK
TSK · Matthew 18:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.
Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.
¶ Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.
Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
¶ Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.