TSK

TSK · Matthew 19:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Kèk tan apre sa, yo vin fè Jozèf konnen papa l' malad. Jozèf pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l' yo, ak li, li ale wè Jakòb.

Apre li fin sevre pitit la, li mennen l' lavil Silo. Li te pran avè l' yon ti towo bèf twazan, yon barik farin, yon sak an po bèt plen diven. Li mennen ti gason an nan tanp Seyè a, lavil Silo, atout li te tou piti toujou.

Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.

Jezi rele yon timoun, li mete l' nan mitan yo.

¶ Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.

Luke 9:54 TSK

Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?

Acts 2:39 TSK

Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.