Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete.
TSK
TSK · Matthew 21:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.
Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,
Jezi antre lavil Jerizalèm; li ale nan tanp lan. Li voye je l' sou tout bagay. Apre sa, li ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta.
Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale.
Lè Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan,
¶ Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la.
¶ Sis jou anvan fèt Delivrans jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te fè leve soti vivan nan lanmò a.