TSK

TSK · Matthew 22:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?

¶ Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa:

Acts 4:1 TSK

¶ Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive.

Acts 23:6 TSK

¶ Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou.

Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.