¶ Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
TSK
TSK · Matthew 24:21
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.
¶ Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.
Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.
Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.
Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.
Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.
Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.