TSK

TSK · Matthew 26:43

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Jonah 1:6 TSK

Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.

Acts 20:9 TSK

Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt.

¶ Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.