TSK

TSK · Matthew 27:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

Moun lòt nasyon sa yo va pase m' nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.

Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.

Se konsa Pilat pran desizyon pou l' ba yo sa yo te mande a.

¶ Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.