TSK

TSK · Matthew 27:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 20:5 TSK

mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.

¶ Lè sa a, yonn nan douz disip yo, nonm yo rele Jida Iskariòt la, al jwenn chèf prèt yo.

Lè sa a, Jida Iskariòt, yonn nan douz disip yo, leve, li al di chèf prèt yo li te pare pou l' te fè yo pran Jezi.

Luke 22:2 TSK

Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.

John 13:2 TSK

Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.

John 18:3 TSK

Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.