TSK

TSK · Matthew 4:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid.

Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a.

Mark 1:21 TSK

Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay.

Luke 4:30 TSK

Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li.

John 4:46 TSK

Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.

John 6:24 TSK

Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pa t' la, yo moute nan kannòt sa yo, y' al chache l' lavil Kapènawòm.