Matthew 4:18
TSK
¶ Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.
¶ Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la.
Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo te manje.
Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt.