TSK

TSK · Micah 1:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè sa a, Jida kite frè l' yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.

¶ David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la.

¶ Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.

¶ Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.