TSK

TSK · Micah 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.

Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.

Amos 9:5 TSK

Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.

Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'.

Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.

¶ Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.