Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
TSK
TSK · Nehemiah 11:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm.
Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan.
Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: -Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n'a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n'a travay.
Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a.
Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.
¶ Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.
¶ Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
Apre Jezi li menm te leve soti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.