TSK

TSK · Nehemiah 12:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.

Pòtay sid la soti pou Obèd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo.

Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite.

Nan moun k'ap fè pòs nan pòtay tanp yo te gen Akoub, Talmon ak lòt fanmi yo. Antou te gen sanswasanndouz gad.

Gad la rele byen fò: -Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m' ye a. M'ap veye tout lannwit.