TSK

TSK · Nehemiah 12:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo.

Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.

Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt.

Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t'ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.