Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
TSK
TSK · Nehemiah 12:47
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.
Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo.
Se wa a menm ki te bay lòd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fè woulman nan travay yo yonn apre lòt, yon jou pou chak moun.
Lè Jojakim te granprèt, men moun ki te chèf branch fanmi prèt yo: Meraja, chèf branch fanmi Seraja a, Ananya, chèf branch fanmi Jirimeja a,
¶ Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.
Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.