Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
TSK
TSK · Nehemiah 13:15
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan.
N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la.
Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.
Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo.
Mwen avèti yo, mwen di yo: -Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou. Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò.
¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Li te di si nou renmen lavi nou, pa pote ankenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo.
Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.
Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m'. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' move: m' te ka disparèt yo tout la nan dezè a.
Seyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m' konsa? Reponn mwen non!
Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
¶ Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.
Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.