Li bay pwofèt Natan lòd al di David rele pitit la Jedidya, paske Seyè a te renmen l' vre.
TSK
TSK · Nehemiah 13:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la.
¶ Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et.
Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.
Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.
Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.