TSK

TSK · Nehemiah 13:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Ezra 9:1 TSK

¶ Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo.

Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.

¶ Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.

Mwen di nou sa, frè m' yo, paske m' vin konnen nan bouch kèk moun nan fanmi Kloe a, te gen gwo kont pete nan mitan nou.