TSK

TSK · Nehemiah 2:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.

Nan fènwa a, mwen pase nan ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m' te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.

Anoun avèk moun ki rete lavil Zanoak yo rebati Pòtay Ti-Fon an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Epi yo repare yon bout nan miray la ki te mezire milsenksan pye longè rive jouk bò Pòtay Depotwa a.

Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.