¶ Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.
TSK
TSK · Nehemiah 5:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.
Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Seyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Seyè a pa menm gade ofrann nou fè l' yo, li derefize asepte anyen nan men nou.
Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa?
Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.