TSK

TSK · Nehemiah 5:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè y'a pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,

Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la.

Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè!

Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k'ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo.

Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.

Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.

Luke 19:8 TSK

Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè.