TSK

TSK · Nehemiah 5:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav.

Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Job 32:15 TSK

¶ Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.

Li bay yonn senkmil goud, li bay yon lòt demil goud, li bay yon twazyèm mil goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati.

¶ Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.

Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a.

Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.