Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.
TSK
TSK · Nehemiah 9:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò.
¶ -Men regleman w'a mete devan moun pèp Izrayèl yo:
Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.
Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a.
¶ Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y'ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan.
Lèfini, mwen ba yo jou repo m' yo pou sa fè yo chonje kontra mwen siyen ak yo, pou yo pa janm bliye se mwen menm, Seyè a, k'ap fè yo viv apa pou Bondye.
Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.