TSK

TSK · Numbers 1:47

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.

Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.

Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm.