Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.
TSK
TSK · Numbers 12:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou.
¶ Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l' lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la.
Moyiz te dakò pou l' te rete lakay nonm sa a. Reouyèl bay Moyiz Sefora, yonn nan pitit fi li yo, pou madanm.
Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm.
Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.
Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'? Kilès ki frè m'?
Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.