TSK

TSK · Numbers 14:37

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo.

Te gen katòzmil sètsan moun antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo.

Men bourik ou a te wè m'. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen.

Mil moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.

Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.

Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.