pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
TSK
TSK · Numbers 16:38
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Numbers 16:40
TSK
Numbers 26:10
TSK
Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
Proverbs 1:18
TSK
Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
Proverbs 20:2
TSK
¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.
Habakkuk 2:10
TSK
Se wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal.
2 Peter 2:6
TSK
Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo.