TSK

TSK · Numbers 16:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?

¶ Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!

¶ Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?

¶ Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.