TSK

TSK · Numbers 19:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,

Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a.

Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye.

Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.

Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò.

Lèfini, Aje mande yo: -Lè yon moun pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, èske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: -Wi!

Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.

nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.